mardi 19 juin 2012

Diskou pou 50 ane maryaj


Yo rapòte te gen you nonm ki te parenn you nòs. Li pratike anpil devan yon miwa pou li te rive fè yon bèl diskou.  Malerezman, lè yo rele li pou pale, li realize li te bliye papye diskou a lakay li.  Li di moun yo li bliye diskou a men li sonje jès yo.

Te gen yon lòt parenn nòs.  Se te yon grandon andeyò, ki travay di epi ki pale rèd.  Men tout moun konnen li pat konn li, kifè  yo t ap tann kisa misye pral di nan diskou a. Lè–a te rive pou-l fè diskou li.  Parenn nan di : N’ap tann mwen fè diskou ? Enbyen ! Annou tout leve mete nan  bouch nou.

on, se pa « nan bouch nou », li te di.
Li te di you lòt bagay…

Nan moman sa-a ,n’ap tann mwen fè diskou ?
Nan lekòl segondè,mwen te toujou renmen laten.  M’ap di an laten :
Si Sumus qui Sumus, gratia Dei,
ki vle di an franse :
« Si nous sommes ce que nous sommes, là où nous sommes, c’est par la grâce de Dieu. 
Je veux dire : Mona et moi, nous sommes ce que nous sommes par la grâce de Dieu. »

Sèlman, nou fè tout sa nou kapab, pou lè nou pa la ankò, pou moun pa di : Sa nou te kwè de yo-a se pat sa.

Mezanmi, sa nou wè-a, se te sa, se sa, nou vle li rete sa.
Tout sa nou konnen, tout sa nou akonpli, « c’est par la grâce de Dieu »
Se sa Bondye te vle, epi se sa nou te vle.  Nou menm rive ekri yon liv ansam ki rele : « Oui, je le veux. »

Mezanmi, lè nou te marye nan dat 4 Juin 1962, yon jou lendi, Mona ak mwen, se sa nou te vle, se sa nou te mande Bondye, « le Dieu de grâce,qui nous a fait grâce. »  Li te fè nou gras pandan tout 50 an sa yo.  Li te di nou sa pou nou fè, nou te fè yo :

1-Nou renmen youn lòt
2- Nou respekte youn lòt,
3-Nou priye youn pou lòt ;
4-Nou priye ansam
 5-Nou manje ansam
6-Nou jwe ansam
7-Nou rete ansam

Epi nou vle e nou chwazi pou nou rete ansanm jouk sa kaba.   

Mèsi

EAJ  16-17 juin 2012.

QUELLE SATISFACTION

Quelle satisfaction!
Oh! Que c’est bon!
Oui, que c’est bon,
quand deux conjoints
Se mettent d’accord
pour vivre ensemble,
Regardant résolument
dans la même direction
Pour vivre la vie
que Dieu réclame !

Quelle satisfaction !
Oh ! que c’est bon !
Oui, que c’est bon
pour ces deux conjoints,
s’ils ont bien vécu
et élevé des enfants,
des enfants qui marchent
dans la vérité,
dans la voie du Maître !

Quelle satisfaction !
Oh ! que c’est bon !
Oui, que c’est bon
pour ces deux conjoints !
Après avoir vu
même leurs petits-enfants
Commencer dans la même voie,
Ils pourront dire
avant de s’en aller :
Nous n’avons pas perdu
notre journée.

Quelle satisfaction !
Oh ! que c’est bon !
Oui, Ils pourront partir
avec satisfaction,
Le cœur gonflé de joie.
Quelle grande responsabilité !

Mais quelle belle récompense !